Accessibility links

Breaking News

Etazini: Desizyon sou TPS la pou Ondiras ak Nikaragwa Lage Kè Sote nan Mitan Ayisyen yo


Mach anfavè yon pwolonjman TPS la pou imigran latino yo nan washington, 15 out 2017.
Mach anfavè yon pwolonjman TPS la pou imigran latino yo nan washington, 15 out 2017.

Minis Enterimè Depatman Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, Elaine Duke, anonse lendi 6 novanm 2017 la desizyon pou administrasyon Trump la mete fen nan Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou prèske 2 mil 500 sitwayen Nikaragweyen. Sepandan, gouvènman ameriken an bay moun sa yo 12 mwa a pati de 5 janvye 2018 pou kite peyi a.

Madam Duke presize li nesesè pou l jwen plis enfòmasyon sou stati pwoteksyon tanporè pou Ondiras. Nan sans sa a, li pa pran okenn desizyon sou sitwayen peyi sa a pou kounye a.

Desizyon sa a pwovoke yon kè sote nan mitan ayisyen ki benefisye stati pwoteksyon tanporè a Ozetazini kote administrasyon Trump la poko deside si wi ou non l ap pwolonje pwogram nan pou yo. Plizyè òganizasyon, kap defann dwa imigran ayisyen yo, tankou Fanm ayisyèn nan Miami, sosyete sivil ameriken an pote kole ak gouvènman Moise-Lafontant an pou mande administrasyon Trump la pwolonje pou 18 mwa stati pwoteksyon tanporè pou reso3tisan ayisyen yo.

Sa pa gen lontan yon group palmantè ameriken ki reprezante eta Florid te soumèt yon pwopozisyon lwa devan Kongrè a ki non sèlman vize pwolonje TPS la sitwayen ki soti nan Amerik Santral ak Ayiti men tou avèk posibliite pou ba yo kat rezidans.

XS
SM
MD
LG