Accessibility links

Breaking News

300 Ton Ton Nwèl Amizie yo Ap Fè Ski Ansanm nan Eta Maine


Moun ki degize an ton ton nwel fe ski pandan yon evenman charite nan lye vakans River Ski Resort nan eta Maine, 11 Desanm, 2022.
Moun ki degize an ton ton nwel fe ski pandan yon evenman charite nan lye vakans River Ski Resort nan eta Maine, 11 Desanm, 2022.

Yon gwoup moun ki abiye an Ton Ton Nwèl t al fè ski ansanm pandan wikèn nan. Yo te vle bay moun kè kontan pandan sezon fèt la.

Se konsa plis pase 300 Ton Ton Nwèl abiye an wouj te amize yo sou yon morn chaje ak nèj.

Te gen tou yon moun ki te degize tankou Grinch la (pèsonaj mechan liv Dr. Seuss la ki rayi fèt nwèl la) epi yon moun ki te degize an ab de nwèl te antre nan koze a tou.

Fèt nwèl la dewoule Dimanch nan eta Maine, nan nodès Etazini.

Pat gen anpil nèj osu morn nan, donk yo se aparèy ki te fè nèj pou yo, pou pèmèt yo respekte tradisyon anyèl la.

Evenman sa a gen kom bi pou kotize lajan pou moun defavorize yo pandan peryod fèt la e chak ane li vin pi popilè. Se otèl ski ki rele Sunday River la kap oganize evenman sa a depi 20 an.

XS
SM
MD
LG