Accessibility links

Breaking News

To Poplarite Prezidan Obama Monte nan Nivo 60%


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Daprè yon sondaj ki fèk parèt, popilarite Prezidan ameriken an, Barack Obama, monte rive nan pwen ki pi wo a aprè lanmò lidè rezo Al-Kayda a, Oussama Bin Laden, sa genyen plis pase yon semèn.

Ajans nouvèl Associated Press pibliye mèkredi 11 me 2011 la rezilta yon sondaj ki te fèt pa telefòn e kote mil moun te reponn kesyon sou dosye popilarite prezidan an, ant le 5 e le 9 me.

Ajans ki fè sondaj la se konpayi rechèch GFK. Rezilta yo montre 60% moun ki reponn kesyon yo apwouve fason misye Obama ap dirije peyi a, e pi fò pase mwatye ameriken fè konnen li merite pase yon lòt manda sou pouvwa a.

Aprè lanmò Bin Laden nan, preske ¾ sitwayen ameriken ki patisipe nan yon sondaj ajans de près Associated Press, di yo gen konfyans misye Obama kapab jere menas teworis k ap peze sou Lèzetazini.

Men, daprè sondaj la toujou, se pa nan dosye teworis la sèlman prezidan an fè gwo pwen : 52% ameriken apiye fason l ap jere ekonomi an, e menm pousantaj la fè konnen yo renmen jan prezidan Obama ap kontwole to chomaj la ki monte rive 9%.

XS
SM
MD
LG