Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou KOVID-19: Kijan pou Granmoun yo Pwoteje yon Timoun ki Poko Gen 2 Zan


Yon timoun ki gen plis ke 2 zan avèk yon kachne nan figil li.
Yon timoun ki gen plis ke 2 zan avèk yon kachne nan figil li.

Konsèy pratik Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay pou manman ak papa timoun yo ede pitit yo konbat pwopagasyon KOVID-19, swa maladi kowonaviris la bay la.

CDC fè rekòmandasyon pou tout timoun ki genyen 2 zan, ou ki pi aje pase sa toujou, pote yon kachne (sètadi pou yo mete sou figi yo yon mask ki kouvri ni nen yo ni bouch yo lè yo twouve yo an piblik, lè yo antoure ak moun ki pa p viv nan menm kay avèk yo, espesyalman si kote yo ye a li difisil pou moun respekte distans sosyal la.

Papa ak manmam ti moun yo pa dwe mete kachne (oubyen nenpòt ki lòt bagay yo ka konsidere kòm yon mask) sou figi yon ti bebe oubyen tout lot timoun ki poko gen 2 zan akoz danje ki genyen pou timoun sa a mouri toufe san l pa ka rele pou di sa l genyen. Yon timoun ki poko gen 2 zan prezante yon ka espesyal ki fè eksepsyon nan règ jeneral la ki mande pou tout moun alawonnbadè mete kachne a; e eksepsyon sa a konsènen tou tout moun, kèlkeswa laj yo, ki ka gen difikilte pou yo respire, ki ka endispoze oubyen ki ka gen pwoblèm pou yo wete mas la nan figi yo san yo pa bezwen èd yon lòt moun…

XS
SM
MD
LG