2 manm enpòtan kabinè Prezidan Donald Trump la espere yo va kapab bese kè-sote ak mekontantman moun genyen akoz politik administrasyon an ap pratike vizavi peyi Meksik. 2 manm sa yo se Sekretè Deta a, Rex Tillerson, ak Minis Sekirite Teritoryal la, John Kelly.
2 otorite ameriken sa yo pral rankontre, nan jounen jedi 23 fevriye 2017 la, avèk prezidan meksiken an, Enrique Peña Nieto, kap gen avèk li kèk manm kabinè ministeryèl li a. Dapre ofisyèl 2 gouvènman yo, rankont sa a se pral premye nan yon seri kontak nan wo-nivo kote otorite ameriken ak meksiken gen pou yo santre atansyon yo sou kesyon tankou trafik dwòg, echanj komèsyal avèk imigrasyon.
Pòtpawòl La Mezon Blanch la, Sean Spicer –ki tap anonse rankont la mèkredi 21 fevriye a- deklare:
“Le fèt ke Prezidan Trump voye Sekretè Deta a o Meksik byen bonè konsa apre li fin kòmanse manda li, se yon bagay ki enpòtan anpil. Se yon aksyon senbolik ki montre enpòtans relasyon ki egziste ant 2 peyi yo.”
Misye Spicer fini pa di rapò ant Washington ak Meksiko se rapò ki “an sante e ki dyanm”.