Accessibility links

Breaking News

Plis Prèv Montre Se Arabi Sawoudit ki Responsab Asasina Jounalis Jamal Khashoggi.


Foto sa a montre jounalis sawoudyen Jamal Khashoggi (nan mitan sèk wouj la) nan moman li t ap rive nan konsila Arabi Sawoudit la nan Istanbul, Peyi Tiki, nan dat 2 oktòb 2018 la.
Foto sa a montre jounalis sawoudyen Jamal Khashoggi (nan mitan sèk wouj la) nan moman li t ap rive nan konsila Arabi Sawoudit la nan Istanbul, Peyi Tiki, nan dat 2 oktòb 2018 la.

Yon nouvo anrejistreman video, ki parèt nan viI Istanboul, nan peyi Latiki, sanble montre yon ajan sekrè Arabi Sawoudit, ki te mete sou li rad jounalis Jamal Khashoggy e ki t ap soti nan konsila sawoudyen an nan Istanboul nan dat 2 oktòb pase a. Se ta yon tantativ pou kache asasina jounalis la, puiske moun ap konpran li te kite lokal konsila a tou vivan. Se manm lapolis Peyi Tiki ki te fè video a, e li pase lendi 22 oktòb la sou chèn televizyon amerikèn CNN. Anrejistreman an montre diplomat sawoudyen yo te itilize yon lòt moun pou yo te ka degize asaninay la.

REYAKSYON SOU SITIYASYON AN:

Konseye Prezidan Donald Trump, Jared Kurshner (ki se an menm tan bo-fis li, mari pitit-fi prezidan an, Ivianka Trump, deklare lendi nan Washington:

<<Nap resewva enfòmasyon nan bon mamit, enfòmasyon ki pale de fè reyèl e k ap sòti tout kote. Lè lè a va rive, Prezidan Trump avèk Sekretè Deta Mike Pompeo pral deside ki fason apwopriye pou nou reponn Arabi Sawoudit pou sa k pase a.>>

Sekretè Deta Mike Pompeo ki t ap rankontre ak Prezidan Latiki, Recep Tayyip Erdogan, nan Annkara nan dat 17 oktòb 2018. la.
Sekretè Deta Mike Pompeo ki t ap rankontre ak Prezidan Latiki, Recep Tayyip Erdogan, nan Annkara nan dat 17 oktòb 2018. la.

Depi kèk jou deja, lè laprès poze prezidan an kesyon sou jan gouvènman li a pral reyaji, li menase pou l pran sankson ki pi sevè yo kont Arabi Sawoudit; men li pa sòti pou l anile yon deal zam, yon tranzaksyon militè ak Riyad k ap pèmèt Lèzetazini antre plizyè milya dola.... Lojik Prezidan an bay, sè ke si Washington kite lavant zam sa a tonbe, se peyi tankou Lachin ak Larisi ki pral pwofite... Misye Trump ensiste pou l di tranzaksyon sa a kapab kreye plizyè milyon djòb Ozetazini; alòs li pap anile li.

Sepandan manm Kongrè pa wè bagay yo konsa. Yo di se pa nòmal pou relasyon ant Washington avèk Ryad pa sibi okenn chanjman, lè li paret klè se otoriee yo nan Arabi Sawoudit ki responsab asasina jounalis Jamal Khashoggi.

XS
SM
MD
LG