Accessibility links

Breaking News

Angletè- Teworis Atak: Premye Minis Theresa May Deklare Li Lè pou Zak sa yo Sispann nan Peyi a


Premye Minis Britaniik la, Theresa May.
Premye Minis Britaniik la, Theresa May.

Premye Minis Britanik la Theresa May ki tap pale ak laprès jounen dimanch 4 jen 2017 la, deklare, 3 atak teworis ki fèt nan mwa pase yo ak atak ki fèt samdi swa a sou yon pon ak yon lòt andwa nan vil Londres makonnen ansanm ak ideyoloji dyabolik gwoup teworis islamik yo.

Madam May deklare: "Genyen twòp tolerans pou ekstremis sa yo nan peyi nou an. Li kontinye pou l di nou dwe deplwaye plis efò pou rive idantifye e demantle move lawon sa yo nan sèvis piblik yo ak nan sosyete nou an." Lidè britanik la fini pa di, "li lè pou sa sispann."

Nan yon deklarasyon douvanjou dimanch 4 jen 2017 la, otorite lapolis yo nan vil Lond te fè konnen 7 moun nan popilasyon an ak 3 asayan ki te atake yo pèdi lavi yo nan dènye atak teworis ki fèt nan kapital britanik la nan samdi swa.

Yon gwo otobis livrezon te antre ak tout boulin sou pyeton ki tap mache sou totwa Pon Lond lan byen ta samdi 3 jen an. Apre sa, machin nan te pran direksyon Mache Borough la kote 3 nèg desann ak kouto nan men yo epi ponyade plizyè moun sanzatann.

Lapolis fè konnen, nan 8 minit anviwon, 3 bandi yo te tonbe anba bal ofisye ame ki te premye rive sou sèn nan apre yo te fin resevwa apèl dijans pou pote sitwayen yo nan mache a sekou. Dapre lapolis britanik, 3 asayan yo te gen jilè ki pou fè yo sanble ak kamikaz, teworis ki konn eksploze tèt yo nan moman yap yon pèpetre atak.

Pou kounye a, gen plis pase 48 blese kap resevwa swen nan anviwon 5 lopital dapre enfòmasyon sèvis sekou Lond pipliye sou kont Twitter li.

Otorite britanik yo konsidere zak sa a tankou yon atak teworis. Majistra Lond lan, Sadiq Khan, denonse atak la. Li fè konnen Premye Minis Theresa May ap prezan nan yon reyinyon an ijans gouvènman an ap fè ansanm ak gwoup ki espesyalize nan jan de kriz sa yo. Kanpay ki tap dewoule nan peyi a nan kad eleksyon lejislatif yo sispann apre atak la.

Majistra Lond lan deklare: “Pa gen anyen ki ka jistifye yon move zak konsa sou yon bann abitan ak vizitè inosan nan vil la.”


XS
SM
MD
LG