Accessibility links

Breaking News

"Thanksgiving" ou Jou Aksyon de Gras Ozetazini


Ozetazini plizyè milyon ameriken ap selebre jedi 25 novanm 2010 la, nan (dènye jedi nan mwa novanm nan) sa yo rele "Thanksgiving Day" ou Jou Aksyon de Gras. Se yon jou konje tradisyonèl ameriken yo pase ak manm fanmi yo e ak zanmi yo.

Estatistik montre tou se jou kote moun vwayaje plis nan peyi a, pou yo ale nan vil oubyen nan eta kote fanmi ak zanmi yo ye. Pla manje tradisyonèl la genyen ladan n, antwòt, vyann kodenn, patat ak gato joumou.

Nan okazyon Jou Aksyon De Gras la, Prezidan Barack Obama mete devan pèp ameriken an yon mesaj kote li onore jounen an. Li lanse yon apèl kote li mande pou konpatriyòt li yo ini yo e pou youn apiye lòt, nan moman Lèzetazini ap redi pou l fè fas ak lagè epi chomaj.

Nan non li menm pèsonèlman ak manm fanmi prezidansyèl la, li swete ameriken yo pase yon bon Jounen Aksyon de Gras. "Nan non Michèle, Sasha, Malia ak mwen menm, nou vle swete tout moun yon Jounen Aksyon de Gras ki mèveye, chaje lajwa ak sekirite…"

XS
SM
MD
LG