Accessibility links

Breaking News

Etazini: Ameriken yo Gen Opinyon Diferan Konsèn nan Lwa sou Kontwòl Zam nan Peyi a


Rali nan yon ninvèsite nan o Tegzas pou entèdi moun antre ak zam nan lekòl yo.
Rali nan yon ninvèsite nan o Tegzas pou entèdi moun antre ak zam nan lekòl yo.

Gwoup kap defan dwa pou moun pote zam Ozetazini fè konnen," pi bon repons pou yon bandi ki gen yon zam nan men li se yon bon sitwayen ki ame." Yo pran masak ki rive nan legkiz batis Tegzas la kòm yon egzanp kote yon bon pwochen te konfwonte epi metrize sispèk la ki tap eseye chape pou l li apre li te fin masakre fidèl yo.

Prezidan ameriken an., Donald Trump ki anfavè dwa pou moun pote zam fè konnen menmsi te gen lwa ki pi sevè sou zam-a-fe Ozetazini, sa pa tap anpeche bandi ame Devin Kelley touye 26 moun nan yon masak li fè nan yon legliz nan vil Sutherland Springs,nan eta Tegzas dimanch 5 novanm 2017 pase a. Mesye Trump ajoute pou l di:

"Sa te ka anpeche yon pasan ki itilize zam tire sispèk la ki tap kouri kite sèn nan. Prezidan Trump, ki tap pale nan Kore di Sid kote li twouve li nan kad yon tounen nan 5 peyi sou kontinan aziatik la, fini pou l di:

"Si te gen yon sistèm ankèt pi apwofondi pou moun kap achte zam Ozetazini, ou pa tap jwenn yon nèg ki brav ase e ki posede yon revolvè oubyen yon mitrayèt, pou netralize atakan sa a."

XS
SM
MD
LG