Prezidan Brezil la, Jair Bolsonaro, toujou rete an karantèn nan rezidans ofisyèl li nan vil Brazilya, kapital la, aprè li fin teste pozitif pou maladi kowonaviris la pou yon 3èm fwa nan 2 semèn. Ekip doktè k ap swaye prezidan an pibliye, nan jounen mekrèdi 22 jiyè a, rezilta dènye tès an dat yo te fè pou Ii a yon jou anvan sa, swa madi 21 an; rezilta a parèt nan yon deklarasyon kote medsen yo fè konnen tou, malgre sa, Misye Bolsonaro twouve l an bòn sante.
Akoz dènye tès pou kowonaviris la, pwòch kolaboratè prezidan an, ki pale avèk Ajans France Press), fè konnen plan lidè brezilyen an te genyen pou l fè yon virewon nan jou k ap vini la yo nan 2 eta, Bahia ak Piaui, ranvwaye pou le moman. Prezidan Bolsonaro deklare li-menm avèk 4 manm kabinè ministeryèl li a, ki teste pozitif tou pou kowonaviris, ap trete maladi a gras avèk medikaman anti-malarya idwoksiklorokin menmsi espesyalis yo fè konnen pa gen okenn prèv medikal, okenn prèv syantifik ki pwouve medikaman sa a bay bon rezilta lè yo eseye l sou moun ki gen kowonaviris.
Jiskaprezan Brezil se peyi ki anrejistre pi gwo kantite moun ki trape viris ki bay KOVID-19 la nan tout rejyon Amerik Latin nan avèk plis pase 2 milyon 100 mil enfeksyon konfime, tandiske plis pase 80 mil 100 brezilyen deja pèdi lavi yo anba maladi a.