Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Videyo Montre Hugo Chavez ak Fidel Castro nan Kiba


Imaj televizyon leta a nan Kuba pibliye ki montre Prezidan Chavez ak ansyen prezidan kuben an Fidel Castro
Imaj televizyon leta a nan Kuba pibliye ki montre Prezidan Chavez ak ansyen prezidan kuben an Fidel Castro

Televizyon leta peyi Kiba montre nouvo foto ak kasèt-videyo prezidan venezuelyen an Hugo Chavez ak ansyen lidè kuben Fidel Castro. Imaj yo montre 2 mesye ki t ap mache e pale amikalman.

Prezidan Chavez ki gen 56 zan pa parèt an piblik depi operasyon li te sibi nan dat 10 jwen ki sot pase la a nan peyi Kiba.Dènye fwa moun te tande vwa prezidan Chavez an piblik se nan dat 12 jwen kote li te deklare sou yon rezo televizyon li sou wout pou l retabli l.

Responsab nan gouvènman an fè konnen prezidan an ap reprann ni e l ap prezan nan ouvèti yon somè rejyonal ki fikse pou 5 jiyè pwochen ki ap ko-enside ak 200e anivèsè endepandans Venezuela nan men Lespay.

Advèsè prezidan an deklare mesye Chavez ak kolaboratè l yo ta dwe fran-e-sensè sou dosye sante sa a . Kèk politisyen nan opozisyon an di vis-prezidan an Elias Jaua ta dwe ranplase mesye Chavez nan pouvwa a jiskaske li retabli l, yon demand mesye Jaua refize.

XS
SM
MD
LG