Accessibility links

Breaking News

Etazazini-Aktyalite: Eksplozyon an Seri nan Eta Tekzas


Chèf polis Austin nan, Brian Manley (nan mitan) pandan li t ap pale de exploszyon ki souke vil la pandan wikenn nan (Foto: AP Photo/Eric Gay, Lendi 19 mas 2018).
Chèf polis Austin nan, Brian Manley (nan mitan) pandan li t ap pale de exploszyon ki souke vil la pandan wikenn nan (Foto: AP Photo/Eric Gay, Lendi 19 mas 2018).

Ozetazini, plizyè eksplozyon bonm souke, pandan mwa mas la, kapital Eta Tegzazs –ki nan pati sid-wès peyi a; 4 nan yo rive nan wikenn 16 pou rive 18 mas 2018 la. 2 nan eksplozyon sa yo te fatal, sa vle di se eksplozyon ki koze lanmò.

4èm nan eksplozyon yo pa touye pèsonn; sepandan li blese 2 moun ki kouche jodi a sou kabann lopital. Tou lè 4 eksplozyon yo se rezilta koli pyeje. 3 premye yo te ekploze lè viktim yo te eseye ouvè koli yo.

Chèf polis Austin nan, kòmandan Brian Manley, lanse rekòmandasyon bay popilasyon Austin nan pou l mande tout moun pa menm touche okenn koli ou pakè oubyen nenpòt ki bagay ki sanble ak yon koli ou yon pakè.

Otorite ki te prezante sou sèn youn nan eksplozyon yo nan jounen dimanch 18 mas 2018 la. Yo
Otorite ki te prezante sou sèn youn nan eksplozyon yo nan jounen dimanch 18 mas 2018 la. Yo

2 mesye ki blese nan eksplozyon samdi a se 2 nèg ki nan 20tèn yo. Yo te kouri avèk yo lopital e rapò medikal yo fè konnen yon tou lè 2 twouve yo nan bon kondisyon. Lapolis ap travay pou konnen si genyen yon rezon ideyolojik kèlkonk dèyè eksplozyon yo. Se konsa tou yap chache detèmine si moun ki poze zak sa yo fè sa pou atake yon gwoup sosyal, etnik ou relijye li pa renmen (sa yo rele Ozetazini "krim pou lahenn nan", swa krim pou rezon rasyal, etnik ou relijye).

Premye ekplozyon an touye 2 nwa-ameriken, tandiske li blese yon fanm latino-amerikèn ki nan yon kondisyon tèlman grav, se batay lap batay ak lanmò.

XS
SM
MD
LG