Ansyen prezidan tchèk, Vaclav Havel, ki te mennen yon revolisyon pasifik ki kapote kominis nan ansyen Tchekoslovaki a mouri, li te gen 75 zan. Yon pòtpawòl di msye Havel mouri pandan li t ap dòmi byen bonè dimanch 19 desanm 2011 la nan mezon kanpay ni nan nò Repiblik Tchèk la.
Pandan li t ap rann dènye soupi li, li te gen bò kote l madanm ni Dagmar avèk yon chè sè kongregasyon St-Charles Borromèe. Mesye Havel te gen yon istwa pwoblèm respiratwa kronik depi nan epòk lagè frèt la lè li te nan prizon kominis yo.
Vaclav Havel se premye prezidan ki te eli demokratikman nan Tchekoslovaki aprè revolisyon velou, non vyolan 1989 la, ki te mete fen nan 4 dizèn lane represyon kominis. Li te mennen Tchekoslovaki nan tranzisyon yon ekonomi mache lib ak demokrasi.