Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Mande Tchèk Sekirite Pi Sevè pou Tout Moun k ap Achte Zamafe

Prezidan Donald Trump ki t ap pale de 2 fiziyad ki fè anviwon 3 dizèn mò nan El Paso (Tegzas) ak Dayton (Ohio) pandan Vis Prezidan Mike Pence te kanpe bò kote li nan Salon Diplomatik Mezon Blanch la nan Washington, lendi 5 out 2019 la.

Prezidan Donald Trump lanse apèl nan kòmansman jounen lendi 5 out 2019 la pou l mande yon tchèk polisye e kriminèl ki pi sevè pou tout moun k ap achte zamafe. Lidè ameriken an lanse apèl sa a imidyatman apre yon trajedi efrayik kote 30 moun pèdi lavi yo nan 2 ensidan ki dewoule nan yon espas 13 zèdtan.

Byen souvan Misye Trump te ensiste sou nesesite pou ta genyen plis pwogram ki ede ameriken ki gen maladi mantal e ki menase pou yo atake moun ak zamafe. Sepandan, nan yon mesaj Prezidan an te pibliye sou kont Tweeter li anvan li te bay yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch sou ensidan yo ki dewoule nan wikenn la, li sanble dispoze aksepte egzijans ki sòti bò kote opozan politik li yo e ki mande pou tout moun k ap achte yon zam sibi yon tchèk an bòn e di fòm sou dosye polisye e kriminèl yo.

Foto sa a montre yon sèn kote youn nan fanmi viktim yo t ap konsole lòt nan vil El Pasa, Eta Tegzas, nan kòmansman jounen samdi 3 out 2019 la. (Foto AP: John Locher).
Foto sa a montre yon sèn kote youn nan fanmi viktim yo t ap konsole lòt nan vil El Pasa, Eta Tegzas, nan kòmansman jounen samdi 3 out 2019 la. (Foto AP: John Locher).

Prezidan Trump deklare nan tweet li pibliye a:

"Nou pa kapab kite moun sa yo ki pèdi lavi yo nan El Paso,Tegzas, ak Dayton Ohio, mouri an ven. Se menm bagay la tou pou sila ki blese yo. Nou pa kabab bliye yo, ni yo menm ni tout gwo kantite moun ki te viktim anvan yo. Repibliken ak Demokrat, yo tout dwe mete tèt yo ansanm pou yo apiye tchèk sou dosye polisye e kriminel ki pi sevè; nou ta dwe petèt makònen yon lwa konsa avèk nesesite dezespere ki genyen pou n pote refòm nan sistèm imigrasyon nou an. Nou dwe fè yon bagay ki bon -pou m pa di yon bagay ki gran-- sòti nan 2 ensidan trajik sa yo."

XS
SM
MD
LG