Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Enpoze Nouvo Tarif sou Pwodui Chinwa yo


Prezidan Donald Trump montre yon memorandum sou nouvo tarif li enpoze sou pwodui wot teknoloji kap sòti nan Lachin. (Mezon Blanch, Washington D.C., 22 mas 2018).
Prezidan Donald Trump montre yon memorandum sou nouvo tarif li enpoze sou pwodui wot teknoloji kap sòti nan Lachin. (Mezon Blanch, Washington D.C., 22 mas 2018).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen jedi 22 mas la yon dokiman ki ouvè chemen an pou Lèzetazini enpoze yon ogmantasyon tarif pou 60 milya dola sou pwodui chinwa kap antre sou tèritwa ameriken an -yon desizyon ki byen kapab deklanche yon lagè komèsyal ant Washington ak Peken.

Avèk desizyon sa a, Prezidan Trump vize espesyalman yon sitiyasyon ki swadizan egziste depi plizyè lane kote Lachin ap vòlè pwopriyete entèlektyèl ameriken. Washington ap enpoze restriksyon tou nèf sa yo sou envestisman chinwa Ozetazini kòm yon reyaksyon kont règleman konpayi amerikèn yo dwe konfwonte lè yap envesti nan Lachin.

Lidè ameriken an, ki tap pale nan La Mezon Blanch, deklare:

"Gen yon gwo kokenn operasyon ki sou pye pou vòlè pwopriyete entèlektyèl nou. Si yo mete tarif sou nou, se pou nou mete menm kantite tarif la sou yo tou."

M. Trump di Lèzetazini vle genyen avèk Lachin e avèk lòt peyi yo rapò komèsyal ak tarif ki egal-ego pou nou tout.

Pandan 14 mwa lidè ameriken an deja pase sou pouvwa a, se byen souvan li fè konpliman pou prezidan chinwa a, Xi Jinping, e li pale de bon rapò ki egziste antre yo 2 a. Men byen souvan tou Trump plenyen poutèt Lèzetazini anrejistre chak ane yon defisi 375 milya dola nan rapò komèsyal li avèk Lachin e, daprè li, sa bay otorite ameriken yo ase rezon pou yo enpoze nouvo restriksyon sou Lachin.

XS
SM
MD
LG