Accessibility links

Breaking News

Tansyon an Monte sou Preskil Kore a


Tansyon an monte lendi sou Preskil Kore a nan moman gouvènman nò-koreyen an fè pase yon videyo ak imaj ki montre yon gwo kokenn egzèsis militè, tandiske Kore di Sid akize vwazen nò a deske l ap sivè ak yon plan Pyongyang genyen pou l lanse yon satelit anvan lontan, kòm pretèks pou l teste yon sistèm ki ka lanse zam nikleyè.

Videyo otorite nò-koreyen yo pase a, montre lidè peyi a, Kim Jong Un, k ap rankontre ak sòlda li yo e k ap gade sa video a prezante kòm yon egzèsis total k ap dewoule avèk patisipasyon lame de tè, lamarin de gè epi aviyasyon militè Kore du Nò.

Yon lòt kote, moun kapab wè tou yon bato de gè ki eksploze sou lanmè, sòlda k ap tire misil avèk avyon de gè k ap eksploze an plen è.

XS
SM
MD
LG