Accessibility links

Breaking News

Fen 4 Jou Egzèsis Militè Nan Kore di Sid


4 jou egzèsis lame peyi Kore di Sid ak lame amerikèn t ap fè ansanm ap rive nan bout yo mèkredi 1er desanm 2010 la; sepandan otorite yo fè konnen yo genyen plis egzèsis konsa sou pwogram yo.

Otorite nan Ministè Defans Sid Koreyen an pale pou yo di y ap fè negosyasyon pou lame peyi a reyalize yon lòt seri egzèsis enpòtan avèk lame Lèzetazini an pa pi ta ke mwa sa a.

Se konsa tou y ap fè plan pou yo reyalize pwòp egzèsis pa yo ak bon jan zam –egzèsis ki fikse pou semèn pwochèn nan.

XS
SM
MD
LG