Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Isaias Menase Anpil Eta sou Kòt Ès Lèzetazini


Isaias, pandan li te yon siklòn toujou, te pote gwo van sou kòt es Eta Florid dimanch 2 out 2020 an.
Isaias, pandan li te yon siklòn toujou, te pote gwo van sou kòt es Eta Florid dimanch 2 out 2020 an.

Espesyalis meteo yo lanse avètisman konsènan menas Tanpèt Twopikal Isaias poze avèk gwo lapli mete sou gwo van-tanpèt pandan l ap deplase sou kòt ès Lèzetazini kote meteyològ yo prevwa li pral touche tè nan sware jounen lendi 3 daout la, pi presizeman sou fwontyè 2 Kawolin yo.

Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an fè konnen sant tanpèt la, ki pase sou kòt Eta Florid nan nuit dimanch la, pral rete sou lanmè olon kòt Eta Jòji pandan jounen lendi a. Nan kòmansman jounen an Isaias t ap pote avèk li van ki t ap soufle ak yon vitès 110 kilomèt a-lè e espesyalis yo prevwa li pral konseve fòs sa a nan moman li va ap touche tè. Dapre meteyològ yo toujou, Kowolin di Nò, Kawolin di Sid ak kèk lòt eta sou kòt ès peyi a te met’ atann yo aske y ap resevwa anpil lapli -swa jiska 15 santimèt lapli konsa- nan moman Isaias ap kontinye wout li nan direksyon nò pandan jou k ap vini yo. Otorite yo lanse yon avètisman anti-tanpèt ki an vigè depi nan kòmansman jounen lendi a pou moun k ap viv sou kòt ès Lèzeazini, depi Eta Florid pou rive nan Eta Delaware.

Prezidan Donald Trump dekrete yon eta dijans pou Eta Kawolin di Nò byen anvan tanpèt la rive nan Eta a, yon desizyon ki pèmèt gouvènman deferal la dekese lajan pou ede otorite lokal yo nan gwo vil ak ti vil nan eta a kowòdone efò asistans pou moun tanpèt la ap lage nan pwoblòèm. Nan jounen samdi pase a, lidè ameriken an te pran menm desizyon pou Eta Florid.

XS
SM
MD
LG