Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Alex Ap Deplase Nan Gòlf Meksik La


Tanpèt twopikal Alex tounen premye siklòn ki pran nesans sou Oseyan Atylantik la pou sezon 2010 la e li pran direksyon fwontyè ant Eta Tegzas ak peyi Meksik. Prezidan Barack Obama deja dekrete yon eta dijans pou rejyon nan Tegzas Alex kapab frape daprè previzyon yo; konsa Ajans Federal Jesyon Ka Dijans la (FEMA) gen otorizasyon pou l kowòdone tout efò asistans si siklòn nan fè dega. Daprè Sant Nasyonal Ouragan an ki baze nan Miami, Alex se premye siklòn ki fòme nan yon mwa jen depi ane 1995, e direksyon li pran an pa montre li pral pase sou rejyon kote yon operasyon sou pye pou netwaye gaz kap sòti nan yon pui petwòl ki nan pati ameriken Gòlf Meksik la.

XS
SM
MD
LG