Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Tomas Ap Deplase Nan Karayib la


Tanpèt twopikal Tomas pèdi fòs e l ap pran direksyon lanmè karayib la . Li twouve l konnye a a 220 kilomèt pa rapò ak kote Kuraso.

Dènye bilten Sant Nasyonal meteyo Etazini an fè konnen Tomas gen van k ap soufle a 85 kilomèt alè lendi 1er novanm 2010 la e l ap avanse ak yon vitès 22 kilomèt a lè.

Espesyalis meteyo yo di Tomas kapab pran fòs madi swa e, nan jou apre yo, gen chans pou l frape Ayiti, yon peyi tranblemanntè ravaje e kote plizyè milye moun ap soufri ak yon epidemi kolera.

Otorite yo pran dispozisyon pou anpeche maladii a antre sou plizyè santèn milye moun k ap viv anba tant apre trajedi 12 janvye 2010 la.

Responsab nan divès sektè --ki gen pè pou tanpèt twopikal la pa vinn agrave sitiyasyon an, prese pran dispozisyon tou pou yo fè fas ak menas Tomas poze.

Clarens Renois ap di nou plis.

Klike sou lyen anlè e adwat atik la pou w tande repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG