Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Nèj Anile Vayaj, Fèmen Lekòl Oetazi


Yon dam mache nan net nan Times Square, Nouyok, 7 Janv. 2022.
Yon dam mache nan net nan Times Square, Nouyok, 7 Janv. 2022.

Yon tanpèt nèj ki kouvri rejyon sid Etazini lakoz vwayaj ayeryen nan Nòdès peyi a anle ou ranvwaye. Otomobilis yo bloke sou wout e sa kreye yon veritab dilèm pou lekòl yo ki deja kap redi pou jere re-ouvèti a apre peryòd fèt la akoz kowonaviri la kap rè ravaj.

Anpil vil nan rejyon Nouvèl Angletè a resevwa plis pase yon pye nèj Vandredi maten. Lekòl Boston fèmen.

Nan Providence, eta Rhode Island, lekòl yo deside fè klas yo vityèlman.

Nouyòk te deside kenbe lekòl yo ouvri limenm. Majistra a di vil la paka gaspiye tan akoz kowonaviris la.

Responsab yo konseye moun pou yo pa pran lari ak machin yo e plis pase 2,400 vòl ayeryen anile jodia.

XS
SM
MD
LG