Accessibility links

Breaking News

Wayom Thailand Fè Ayiti Kado 1 Milyon Dola


Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Laurent Lamothe, ki te pran lapawòl nan rankont sa a fè konnen diplomasi aysiyèn nan chita sou 2 volè : ranfòsman relasyon peyi Sid-Sid yo ak demach pou ankouraje envestisman etranje ann Ayiti.

Anbasadè Thailandè a ann Ayiti, Surath Chirapant, remèt minis afè etranjè ayisyen an, Laurent Lamothe, yon chèk pou yon valè 1milyon dola ameriken.

Diplomat la fè jès sa a nan kad etablisman relasyon komèsyal wayom Thailand avèk Leta Ayisyen an. Seremoni an te dewoule mèkredi 9 novanm 2011 la nan prezans reprezantan kèk enstitisyon entènasyonal ak plizyè manm kò diplomatik la.

Chèf diplomasi ayisyèn nan ki te pran lapawòl nan rankont sa a fè konnen gouvènman an pral itilize lajan sa a pou achte otobis pou mennen timoun lekòl nan kad pwogram Edikason Gratis la. Mesye Lamothe presize, diplomasi ayisyèn nan chita sou 2 volè : ranfòsman relasyon peyi Sid-Sid yo ak demach pou ankouraje envestisman etranje ann Ayiti.

Minis laurent Lamothe te rankontre avèk tout diplomat etranje yo ann Ayiti jedi 8 novanm nan. Li remeseye yo pou asistans y ap bay peyi a e li pwofite enfòme yo sou nouvèl oryantasyon diplomasyi ayisyèn nan ki chita sou envestisman.

Mesye Lamothe mande diplomat etranje yo pou yo ankouraje envestisè nan peyi yo al envesti ann Ayiti pou kreye travay.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG