Accessibility links

Breaking News

Tablo Ayisyen an Vedet Nan Miami, Kote Galri Monnin Fek Louvri Pòt li


Envite nan vernisaj nouvo galri d'ar Ayisyen Galerie Monin, gade tablo yo nan Miami, 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr. / VOA)
Envite nan vernisaj nouvo galri d'ar Ayisyen Galerie Monin, gade tablo yo nan Miami, 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr. / VOA)

Tablo Ayisyen an vedèt nan Miami, kote Galerie Monnin, yon galri d'ar ki ap fonksyone ann Ayiti depi ane 1950 yo fek sot louvri pot li nan Midtown.

Gaël Monnin se pwopriyetè a.

"Mwen se 3e jenerasyon de fanmi de galerist, de la famiy Monnin. Nou komanse avek granpè'm, e nou fonde galri a an 1956, epi voila 63 zan plu tar," li esplike. "E mwen te vinn deside ke li le pou'n ekspote bèl kultu nou an andeyo d'Ayiti, e mwen deside vinn Miami ki se yon vil stratejik pou objektif mwen."

Kek pami tablo ki ekspoze nan Galerie Monnin nan Miami 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr. / VOA)
Kek pami tablo ki ekspoze nan Galerie Monnin nan Miami 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr. / VOA)

Pou vènisaj la te gen pyès d'ar divès atis ekspoze. Gael esplike kijan li te chwazi yo.

"Mwen vinn deside pou premye ekspozisyon sa a, ke'm te vle ofri plis yon panorama de diferan atis ak diferan stil ki genyen ann Ayiti. Paske jisteman li te difisil pou chwazi, pou komanse ak yon grenn atis jan ke galri yo konn prezante pou komanse," Gael deklare. "Paske challenge mwen (defi) kounyea se koman pou'm ofri tablo yo a de moun ki pa konn Ayiti, ki pa konn Galerie Monnin, ki pa konn kultu Ayisyèn nan byen."

GADE: Repotaj sou Venisaj Galerie Monnin nan Miami

Tablo Ayisyen An Vedèt Nan Miami, Kote Galerie Monnin Fèk Louvri
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:27 0:00


Si ou byen gade, tout tablo yo pa fèt nan menm stil la - yo varye ant klasik ak abstrè.

"Bon deja, mwen pa konnen si'w ka we bel bebe sa a dèyè mwen la a. Sa se yon koleksyon de muze," Gael esplike. " E dayè pèsonèlman, mwen pata renmen vann ni. Mwen ta renmen devlope yon konsept de lokasyon ki ta pèmèt justeman dèz èv koleksyon prive ke nou te ka ekspoze, ke nou te ka lwe, epi apre sa nou gen plizyè stil. Nou gen kontanporen, nou gen dè klasik apre sa nou gen atis ki pa avek nou, ki avèk lèzanj."

Kek pami pyes d'ar Ayisyen ki ekspoze nan Galerie Monnin nan Miami, 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr. / VOA)
Kek pami pyes d'ar Ayisyen ki ekspoze nan Galerie Monnin nan Miami, 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr. / VOA)


Pami atis pent ki gen tablo yo ekspoze nou te ka remake Pascale Monnin.

"Avant tout c'est ma grande soeur cherie, epi Pascale Monnin se youn nan meyè atis kontanporen nou yo. Epitou fo'm presize ke chwa atis yo, you tout se atis kap viv ann Ayiti," Gael di nou.

Pandan ke gen anpil atis Ayisyen chaje ak talan k'ap evolye nan diaspora a, Gael di li te vle konsantre'l sou atis kap travay ann Ayiti pito.

"Donk justeman pou komanse mwen deside ke vreman map konsantre'm sou atis kap viv ann Ayiti, paske nan nivo diaspora Ayisyen nou gen dèz atis ki komanse vrèman ap grenpe echèl kot ar entènasyonal," li fè konnen.

Yon envite nan vernisaj Galerie Monnin, yon nouvo galri d'ar Ayisyen ki fek louvri pot li nan Miami, 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr / VOA)
Yon envite nan vernisaj Galerie Monnin, yon nouvo galri d'ar Ayisyen ki fek louvri pot li nan Miami, 1 Dec. 2021. (Photo: Jeanty Augustin Jr / VOA)


Vènisaj Galri Monnin an fèt premye Desanm, e li kowenside ak yon festival atistik popilè ki dewoule chak ane nan Miami, ki rele Art Basel. Festival sa a atire moun ki soti toupatou Ozetazuni epitou nan peyi etranje.

Jeanty Augustin Junior kontribye a reportaj sa a depi Miami

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG