Accessibility links

Breaking News

Enstalasyon Madam Susan Page Kòm Nouvo Reprezantan l ONU an Ayiti


Nouvo prezantan Nasyon Zini pou Ayiti a, Susan Page.
Nouvo prezantan Nasyon Zini pou Ayiti a, Susan Page.

Susan Page, ki se yon veteran nan diplomasi amerikèn nan, jwenn nominasyon li kòm reprezantan espesyal Nasyon Zini an Ayiti kote li pral dirije misyon l ONU pou Apui Sistèm jJstis la (MINUJUSTH).

Sekretè Jeneral Antonio Guterres te anonse nominasyon Madam Page la mèkredi 1e novanm 2017 la. Vandredi 3 novanm 2017 la, nouvo reprezantan Sekretè Jeneral la ap antre nan peyi Dayiti ansanm ak Sekretè Jeneral Adjwen an, Amina Mohammed, anvwaye espesyal pou Ayiti a Josette Sheer, dapre enfòmasyon ki soti nan biwo laprès Nasyon Zini nan New York.

Depi mwa janvye pase a, Madam Page te sèvi kòm Direktris Espesyal Adjwent pou Eta de Dwa nan Misyon Stabilitasyon l ONU an Ayiti (MINUSTAH). Misyon MINUSTAH, ki te rive ann Ayiti nan lane 2004, sete estabilize peyi sa a apre yon soulèvman ame te fòse prezidan nan epòk la, Jean Bertrant Aristide, kite pouvwa a. Manda MINUSTAH te pran fen nan dat 15 oktòb 2017 pase a e Nasyon Ziini te mete MINUJUSTH nan plas li.

Madam Page, ki gen anpil eksperyans nan domèn diplomasi a, te sèvi kòm premye anbasadè ameriken nan Sid Soudan, ant fen 2011 e 23 out 2014. Apre sa, li te sèvi kòm anbasadè ameriken nan Inyon Afrikèn ak Komisyon Ekonomik Nasyon Zini pou Lafrik. Li te ranpli fonksyon Asistan Sekretè Deta Lèzetazini pou zafè Afrik ak konseye wo nivo pou dosye peyi Soudan ak Sid Soudan.

Suzan Page te pran nesans nan vil Chicago, nan eta Ilinwa, nan lane 1964. Li te gen yon doktora an Dwa nan Inivèsite Harvard ak yon diplòm nan Lang Anglè ak gwo distenksyon nan Inivèsite Michigan. Li marye e li gen yon pitit-gason.

XS
SM
MD
LG