Accessibility links

Breaking News

Strateji Biden Kont SIDA Deklare Rasism Poze yon 'Menas pou Sante Piblik la'


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan vil Rosemount, Minnesota, Madi 30 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan vil Rosemount, Minnesota, Madi 30 Nov. 2021.

Strateji Biden nan Kont SIDA Deklare Rasism Poze yon 'Menas pou Sante Piblik la'

Administrasyon Biden nan deklare rasism reprezante yon "menas pou sante piblik la" nan nouvo strateji li pou konbat SIDA. Gouvènman an di fok moun rekonèt sa, nan moman yap chache mete fen nan epidemi an.

Administrasyon an pibliye strateji li a Mekredi, pou make Jounen Mondyal SIDA a. Dokiman an gen kom bi pou sevi kom kad sou kijan administrasyon an gen entansyon refomile politik li yo, rechèch, pwogram ak planifikasyon li vizavi maladi sa a pandan 3 ane kap vini yo.

Strateji a di tou ke pandan ane ki pase yo "inegalite striktirèl te gen move konsekans sou minorite etnik yo ki sevè e ki pa akseptab.

Gen yon afè de 38 milyon moun kap viv ak SIDA nan mond lan, pami yo, 1.2 milyon Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG