—Balon ap woule jodi a sou kontinan Ewopeyen an nan okazyon 4èm jounen eliminatwa Ewo 2012 la. Larisi, Estoni, Kwasi, Montenegro ak Pòtigal dwe kontinye menm lanse a.
Pandan ke Tuki, Slovaki, Sèbi ak Danmak gen posibilite pou reprann fòm yo ap defèt yo sot sibi. Pami 22 rankont yo la Oland/ la Swèd epi Angletè/ Montenegro reprezante dèbi jounen an.
An match amikal entènasyonal Brezil suprann Ukrèn ak yon viktwa 2 a 0. Nan match foutbòl zèpòl kare New York Jets suprann Minnesota Vikings ak yon viktwa 29 a 20 nan kad match ki jwe chak Lendi swa pandan sezon an.
—Komite òganizatè Je Azyatik yo k ap dewoule an Guangzhou an Chin anonse yon antre nan faz final preparasyon an. Gen anviwon 2 mil patisipan ap transfere flanbo a k ap travèse 21 vil chinwa. Konpetisyon an ap demare 21 novanm ak patisipasyon 12 mil atlèt k ap soti nan 45 peyi nan 42 disiplin.
—Responsab Je Commonwealth Britanik yon an New Delhi konfime yon 2èm atlèt Nijeryan teste pozitif pou izaj anabolizan. Kourè Nijeryan Samuel Okon ki te patisipe nan kous 110 mèt Hè, gen pouf è depozisyon pita nan jounen an.