Accessibility links

Breaking News

Espay: Lapolis Ouvè yon Ankèt sou 2 Atak Teworis Ki Ta Sanble Gen Koneksyon


Otomobil teworis yo te itlize pou antre sou pyeton yo nan Las Ramblas nan Barcelone, Espay. 18 out 2017.
Otomobil teworis yo te itlize pou antre sou pyeton yo nan Las Ramblas nan Barcelone, Espay. 18 out 2017.

Lapolis nan peyi Espay lanse yon chas alòm apre 2 atak teworis kote asayan yo te itilize otomobil pou frape pyeton ki tap mache sou twotwa nan rejyon Catalonia, e touye anviwon 13 moun ak blese plis pase 100 lòt.

Sitiyasyon vyolan sa a te kòmanse lè yon miniven te antre sou moun yo nan Barcelone kote yo anrejistre pi fò ka lanmò ak blese yo.

Pezidan rejyonal Catalonia a, Carles Puigdemont, di gen omwen yon teworis ki sove. Otorite yo pa di si teworis ki sove a se li ki tap kondui machin nan. Lapolis arete 2 endividi-- yon moraken ak yon sitwayen Espanyòl-- men yo pa bay enfòmasyon pou di ki sa ki konekte 2 moun sa yo ak atak la. Otorite yo arete tou yon 3èm moun nan nò katye Catalan ki nan vil Ripoll dapre deklasyon minis enteryè a, Joaquin Forn.

2em atak la te pase nan Cambrills inèd tan apre nan sid Barcelone kote yon otomobil te monte sou pyeton yo ak sou yon machin polis. Lapolis touye 5 asayan yo ke otorite yo di ki te ken fo jilè eksplozif sou yo. 5 sivil soti blese nan atak sa a.

Minis Enteryè rejyonal la deklare vandredi 18 out la atak Cambrills la fè menm jan ak atak Barcelone nan e ke sanble gen koneksyon ant 2 zak sa yo. Lapolis di yo kwè tou atak sa yo gen awè ak yon eksplozyon nan Cataloni mèkredi pase a kote yon moun mouri.

XS
SM
MD
LG