Accessibility links

Breaking News

You Aparèy Soyouz Ris Retounen Sou Latè San Pwoblèm Kèk Moman Apre Li te Dekole

Fize Soyouz-FG te dekole avèk aparèy espasyal Soyouz MS-10 ki t ap transpòte yon ekip tou nèf nan EEE (Estasyon Espasyal Entènasyonal la). Li te pran vòl depi yon ansyen kosmodwòm ris ki nan vil Baikonur, nan Kazakhstan, byen bonè jedi 11 oktòb 2018 la.

Yon ekip kosmonòt ris ki te abò yon aparey Soyouz, rive retounen sou latè sennesòf aprè li te dekoule pou yon misyon nan Estasyon Espasyal Entènasyonal la.

Daprè Administrasyon Amerikèn pou Explorasyon Espasyal (La NAZA), pwoblèm ki te poze a sè ke boustè aparèy la te tonbe an pàn yon ti moman aprè li te dekole nan yon kosmodwòm ki la depi nan epòk sovyetik la, nan vil Baykonur, nan Repiblik Kazakhstan.

Astwonòt Nick Hague e kosmonòt Alexei Ochinin.
Astwonòt Nick Hague e kosmonòt Alexei Ochinin.

Soyouz la te separe avek boustè a anvan li te antre nan sa La NAZA rele “yon desant balistik”, sa ki vle di li te parèt sou yon angl ki pi piti ke nòmal, sa ki te lakòz manm ekipaj la santi yon seri de fòs gravitasyon ki pi elve ke nòmal tou. La NAZA fini pa di sekouris yo te antre an kontak avèk astwonòt Nick Hague e kosmonòt Alexei Ochinin apre yo te fin ateri; 2 mesye yo twouve yo nan bon kondisyon fizik.

XS
SM
MD
LG