2 sondaj ki soti byen vit apre Prezidan Donald Trump te fin mete diskou li a devan Kongrè a madi 28 fevriye 2017 la, ba li bòn nòt.
Yon sondaj CBS News/You Gov rapòte plis pase 3-ka nan moun ki te suiv sou televizyon diskou Prezidan Etazini an apwouve mesaj la. 82 pou san panse premye sitwayen ameriken an te konpòte l vrèman kòm prezidan. 75 pousan panse se te yon diskou pou uni tout pèp ameriken an. Pami moun sa yo, 36 pousan idantifye tèt yo kòm Demokrat.
Dapre yon lot sondaj CNN/ORC reyalize, diskou prezidan ameriken an fè 70 pousan nan moun ki te suiv li yo, gen plis espwa nan lavni Lèzetazini; preske 2 tyè nan moun yo kwè Prezidan Trump byen chwazi priyorite li yo. 57 pousan moun genyen yon reyaksyon " trè pozitif” sou diskou a.
CBS News /You Gov jwenn 61 pousan moun gen panse pozitif sou Prezidan Trump malgre yo kwè li ta manke presizyon nan pwopozisyon li yo. Dapre sondaj CNN/ORG a, ansyen Prezidan Barack Obama, nan menm epòk la nan premye manda li, te genyen 68 pousan, e George W. Bush te genyen 66 pousan; donk 2 prezidan sa yo te resevwa pi bon kanè apre premye diskou yo devan Kongrè a.