Yon seri de aktivite politik, sosyal ak kiltirèl ap dewoule nan vil Katajèn, nan Kolonbi, lendi 9 avril 2012 la, nan kòmansman semèn kote Somè Dèzamerik la ki pral dewoule nan vil sa a wikenn k ap vini la a, Samdi 14 ak dimanch 15 avril. Nan premye akvitivite a, ki rele “Somè Sosyal”, òganizatè yo ap mande pou otorite yo koute vwa aktè sosyal yo; pou sa, gouvènman resevwa apèl pou yo pran desizyon pou yo poze aksyon klè, aksyon solid ki baze sou konsèy ak doleyans aktè sa yo aprè fen somè a. Tèm premye rankont sa a se “Jèn: Patnè pou la Pwosterite”, e yon afè de mil 50 delege mouvman sosyal ap patisipe ladan n- pami yo genyen manm segman endijèn sosyete latino-amerikèn nan, reprezantan jèn yo, travayè ak lidè òganizasyon sosyal yo.
Randevou sa a -ki make kòmansman somè a- se yon okazyon tou pou patisipan yo tande detay sou pwojè ak lide yon afè de 400 jèn prepare. Tèm ak pwopozisyon patisipan yo pral debat yo genyen pou al jwenn minis afè etranjè peyi kap prezan nan somè a.
Pou jounen mèkredi ak jedi, pral genyen 4èm somè lidè endijèn yo. Tèm nan ane sa a se: “Tabli Alyans pou Defans Mè Patri a ». Objektif aktivite sa a se chache yon dyalòg ant pèp endijèn yo sou dwa yo, ankouraje efò kap fèt pou diskisyon politik dewoule ant pèp endijèn yo ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Òganizatè yo atann yo aske 150 reprezantan pèp endijèn nan patisipe nan rankont sa a.
Menm jounen mèkredi a, yon fowòm pral reyini anviwon 300 moun pou analize menm tèm ki pral sou kalandriye diskisyon prezidan, chanselye, minis afè etranjè ak minis peyi ki envite nan somè a.
Nan somè a menm --ki genyen pou tèm ane sa a «Konekte Amerik yo – Ann Ranfòse Alyans pou aksyon ki ale pi lwen pase Katajèn »-- envite yo pral pale an gwoup, yo pral fè deba epi yo pral soumèt pwopozisyon.
Nan jounen jedi a, yon lòt fowòm pral reyini kèk delegasyon travayè ki pral abòde e analize sitiyasyon travayè yo sou kontinan ameriken an. Nan fowòm sa a, yo pral pale de sitiyasyon sendikal la ak defi jèn kap chache travay ap konfwonte.
Nan jounen vandredi a, anvan seremoni kote prezidan yo pral kòmanse aktivite yo, ap genyen sa ki rele « Somè Antreprenè yo » kote patisipan yo pral chache kreye yon espas espesyal pou rankont ak dyalòg ant chèf dantrepriz ak dirijan konpayi ki pi enpòtan nan emisfè a. Yo prevwa yon afè de 500 antrepriz nasyonal ak entènasyonal pral patisipe nan aktivite sa a ki gen apui gouvènman kolonbyen an, ak apui teknik Bank Entè-Ameriken Devlopman an (La BID).
Nan jounen samdi a, Somè Dèzamerik la pral dewoule ofisyèlman nan oditoryòm prensipal Sant Konvansyon Julio César Turbay nan vil Katajèn, nan mitan gwo mezi sekirite. Somè a ap pran fen dimanch 15 avril 1012 la ak yon rankont prive ki va reyini sèlman lidè peyi envite yo. Gwo randevou sa a –rankont pi wo nivo ki rasanble lidè nasyon ki sou kontinan ameriken an-- pral fini vè midi konsa, avèk piblikasyon yon deklarasyon final.