Accessibility links

Breaking News

Somè sou Sekirite Nikleyè : Avètisman Prezidan Obama Pou Kore di Nò


Somè sou Sekirite Nikleyè : Avètisman Prezidan Obama Pou Kore di Nò
Somè sou Sekirite Nikleyè : Avètisman Prezidan Obama Pou Kore di Nò

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rankontre ak kòlèg chinwa li a, Hu Jintao, byen bonè lendi 26 mas 2012 la, nan koulis yon somè sou sekirite nikleyè kap dewoule nan vil Sewoul, kapital Kore di Sid. 2 lidè yo te genyen pou yo pale de kesyon ki enterese 2 peyi yo --pami yo genyen pwogram nikleyè peyi Iran ak Kore di Nò. Anvan rankont la, lidè ameriken an te bay Lachin konsèy pou l pa fèmen je l sou anbisyon nikleyè Kore di Nò e pou l itilize enfliyans li sou peyi sa a pou fè l kite pwogram li a tonbe. Dimanch Prezidan Obama te pran lapawòl nan inivèsite Hankuk la, nan Sewoul, pou l lanse yon avètisman bay Kore di Nò e di, si peyi sa a kontinye sou wout li chwazi a, sa kapab debouche sou plis rèv ki brize, plis izòlman e menm plis distans ant pèp nò-koreyen an ak bèl opòtinite peyi a bezwen. Misye Obama di – nap site :

“Pap gen rekonpans pou provokasyon ; epòk sa yo pase e depase. M ap di lidè yo nan Pyongyang: « Nou gen yon chwa devan nou la a; nou gen yon desizyon pou nou pran la a. Jounen jodi a, n ap di Pyongyang : « Menyè gen kouraj pou nou travay pou lapè; epi, chache ofri pèp nò-koreyen an yon lavi miyò.»

Prezidan Obama di deklarasyon li fè sou Kore di Nò a valab tou pou sitiyasyon an nan Iran. Li fè piblic ki t ap koute l la konnen jounen jodi a Iran se yon peyi izole; e se sèl peyi-manm Trete Entènasyonal sou Non-Pwoliferasyon Nikleyè a ki pa rive konvenk ajans entènasyonal la ke pwogram nukleyè li a genyen objektif pasifik. Misye Obama di :

« Yon fwa ankò, gen posiblite pou yon solisyon diplomatik pèmèt Iran jwenn enèji nikleyè yon fason pasifik, pandan l ap satisfè egzijans kominote entènayonal la. Jodi a mwen pral rankontre ak lidè peyi Larisi ak Lachin pandan n ap travay pou n jwenn yon solisyon kote Iran va respekte obligasyon li yo. »

Deklarasyon Prezidan Obama ki te pran lapawol dimanch nan inivèsite Hankuk la, nan Sewoul, kote l ap asiste yon somè sou sekirite nikleyè.

XS
SM
MD
LG