Accessibility links

Breaking News

Somè LOTAN ap Dewoule Nan Pòtigal


Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan vil Lisbòn, kapital peyi Pòtigal, kote li pral asiste somè peyi manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN).

Sitiyasyon an nan Afganistan ap nan tèt lis tèm patisipan yo pral diskite. Lidè 28 peyi manm alyans militè a genyen pou yo pale de lavni efò militè l’OTAN ap deplwaye nan Afganistan ak plan li genyen pou l remèt responsablite sekirite peyi a nan men sòlda afgan anvan ane 2014.

Obsèvatè yo atann yo aske Prezidan Obama bay detay sou yon plan-retrè administrasyon n nan genyen pou 130 mil sòlda alyans la –yon plan l’OTAN konte reyalize sou yon peryòd 4 tran—e k ap kòmanse ane pwochèn nan, pou remèt kontwòl sekirite a pwogresivman nan men lame afgàn nan.

XS
SM
MD
LG