Accessibility links

Breaking News

Somè G8: 20 Milya Dola a Ladispozisyon Egypt ak Tinizi


Angela Merkel, Prezidan Rus la, Dmitry Medvedev kk ap soti nan somè G8 la
Angela Merkel, Prezidan Rus la, Dmitry Medvedev kk ap soti nan somè G8 la

Prezidan ameriken an, Barack Obama a ak plizyè lidè gwoup 8 nasyon pi endistriyalize yo deklare bank devlopman entènasyonal yo kapab mete 20 milya dola a ladispozisyon Egypt ak Tinizi pou kore refòm demokratik nan peyi sa yo.

Kominike final dirijan G8 la yo tonbe nan fen somè 2 jou gwoup la t ap fè nan Dauville, nan peyi Lafrans. Sa yo rele “prentan arab la” (konprann rebelyon ki genyen nan rejyon Mwayenoryan an ak nan Afrik Di Nò a) te nan tèt kalandriye diskisyon lidè G8 la.

Bonè maten 27 me 2011 la, Prezidan Obama te deklare Lèzetazini ak Lafrans detèmine nan rezolisyon yo pou yo fini travay la nan Libi, nan moman l’OTAN ap mete presyon sou lidè libyen an, Mouammar Kadhafi pou l demisyonnen.

XS
SM
MD
LG