Accessibility links

Breaking News

Somè G-20 an Rete Santre Sou Estabilizasyon Ekonomi Global la


Somè G-20 an Rete Santre Sou Estabilizasyon Ekonomi Global la
Somè G-20 an Rete Santre Sou Estabilizasyon Ekonomi Global la

Lidè mondyal k ap rankontre nan 2èm jounen somè G-20 an nan peyi Lafrans ap santre atansyon yo sou estabilizasyon ekonomi global la.

Premye jou a te chita sou hing-hang politik entèn nan Lagrès la, yon hing-hang ki te menase pou tren-nen zòn ewo a nan yon dezas ekonomik.

Moun atann yo aske lidè mondyal yo anvizaje mwayen pou ogmante konsomasyon lokal epi ranfòse resous fon monetè entènasyonal la.

Prezidan Fransè a, Nicolas Sarkozy, ensiste pou Lagrès aksepte asistans inyon ewòp la li di ki pa reprezante yon taktik pou foure bouch li nan politik gouvènman Atèn nan.

XS
SM
MD
LG