Lidè 20 pi gwo ekonomi nan lemond yo kòmanse somè anyèl yo a nan Sewoul, kapital Kore di Sid avèk yon dine travay. Anvan sa, yo te pase 2 jou ap fè negosyasyon difisil sou kesyon ki gen rapò ak dezekilib ki egziste nan balans komèsyal kèk nan peyi manm G-20 an --dezekilib ki bau gwo avantag pou peyi tankou Lalmay ak Lachin, men ki pwovoke gwo defisi pou Lèzetazini.