Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an, Michel Martelly, Nan Kiba pou 2e Somè Peyi CELAC Yo


Prezidan Michel Martelly (foot achiv avril 2011)
Prezidan Michel Martelly (foot achiv avril 2011)
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, pran avyon dimanch pou vil La Avan, kapital Kiba, kote l al patisipe nan Somè Chèf Leta ak Chèf Gouvènman Kominote Eta Latino Ameriken E Karibeyen yo (CELAC). Somè sila a ap demare 28 janvye e l dwe bout le 29. Tèm woumble a se: « Lit kont grangou, lamizè e kont inegalite nan Amerik Latin ak Karayib la».

Prezidan Martelly ap dirije delegasyon ayisyen an ki gen ladan minis afè etranjè ak kilt yo, Pierre Richard Casimir; minis agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral la,Thomas Jacques ak minis eknomi ak finans lan, misye Wilson Laleau.

Prezidan aysiyen an ap genyen plizyè reinyon travay ak pèsonalite, chèf Deta ak chèf gouvènman pou diskite sou dosye ki enterese patisipan yo.

CELAC se yon fowòm politik ki gen plizè peyi e ki genyen kòm objektif "pèmèt peyi manm yo (33) fè konsètasyon pou mete odyapazon, nan mwa ak ane kap vini yo, politik piblik yo---yon kondisyon ki nesesè pou tout mouvman entegrasyon, dapre yon nòt prezidans la nan peyi Dayiti voye bay laprès.

Vizyon CELAC, toujou dapre nòt la, se konekte e makònnen pi djanm relasyon istorik ki genyen ant pèp nan rejyon nou an pou yo ka rive defini politik yo nan domèn edikasyon, sante, ekonomi, anviwonman, kilti, imigrasyon ak jistis.

Delegasyon ayisyen an dwe retounen Ayiti mèkredi k ap 29 janvye 2014 la.
XS
SM
MD
LG