Accessibility links

Breaking News

Somè Amerikano-Izrayelyen Madi 6 Jiyè a Nan La Mezon Blanch


Prezidan ameriken an, Barack Obama, gen pou l resevwa nan Lamezon Blanch madi 6 jiyè 2010 la Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, pou yo pale sou efò lapè izrayelo-palestinyen yo ak kesyon ki gen rapò ak sekirite rejyonal. Dènye fwa misye Netanyahu te vizite Washington, DC , se te nan mwa mas pase a, kèk moman aprè Izrayèl te anonse plan li genyen pou l konstwi 1600 nouvo kay pou jwif yo nan Jerizalèm Ès kote pi fò popilasyon an se arab. Otorite ameriken yo te kritike anons sa a, sitou paske li te fèt pandan Vis Prezidan Lèzetazini an, Joe Biden, t ap vizite Izrayèl.

Palestinyen yo konsidere Jerizalèm Ès kòm yon zòn yo ka mete ansanm avèk Si-Jòdani pou yo fòme yon nouvo eta; e pou Washington konstriksyon nouvo kay jwif yo se yon obstak pou lapè ant 2 pati yo --yon opinyon otorite izrayelyen yo pa pataje, tankou pòtpawòl gouvènman izrayelyen an, Mark Regev, fè konnen sa a. Misye Regev di : “Zanmi ka gen mezantant antre yo; men, relasyon fò ki egziste ant izrayèl ak Lèzetazini an toujou la, e li solid kou wòk."

Negosyasyon lapè ant izrayelyen yo ak palestinyen yo pral okipe yon plas enpòtan sou pwogram diskisyon yo ant Prezidan Obama ak Premye Minis Netanyahu. Anvan misye Netanyahu te kite Izrayèl pou l antre Washington, li te fè konprann li vle pran kontak dirèk ak palestinyen yo sou dosye lapè a, aprè negosyasyon endirèk ki te genyen kòm entèmedyè anvwaye espesyal Lèzetazini pou Mwayen Noryan an, George Mitchell. Misye Netanyahu deklare - n ap site: “Pandan yon gwo pati nan konvèsasyon m pral genyen ak prezidan Obama nan Washington, nou pral santre atansyon nou sou fason pou negosyasyon dirèk ant Izrayèl ak Paletinyen yo tanmen san pèdi tan.”

Isit Washington, Pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Gibbs --ki pale ak laprès lendi 5 jiyè a-- te reponn kesyon yon jounalis ki te mande l di 2 mo sou tèm diskisyon yo. Misye Gibbs di :"Pami tèm diskisyon yo ap genyen: aplikasyon chanjman Izrayèl fèk pote nan politik li vizavi Gaza, sekirite rejyonal, negosyasyon pwoksimite ki sou pye jounen jodi a ant Izrayèl ak Palestinyen yo, epi nesesite ak espwa pou 2 pati yo pase rapidman nan negosyasyon dirèk."

Rankont madi 6 jiyè a pap sanble ditou-ditou ak somè amerikano-israyelyen ki te dewoule nan mwa mas pase a kote obsèvatè yo panse Prezidan Obama te bay misye Netanyahu yon resepsyon chaje ak fwadè. Fwa sa a, laprès ap prezan ak kamera l e ak mikwo nan biwo oval Mezon Blanch la; e aprè rankont la, 2 lidè yo pral pale ak jounalis yo, menmsi se pa pou anpil tan .

XS
SM
MD
LG