Accessibility links

Breaking News

Solisyon Mirlande Manigat Pou Kriz Politik la ann Ayiti


Solisyon Mirlande Manigat Pou Kriz Politik la ann Ayiti
Solisyon Mirlande Manigat Pou Kriz Politik la ann Ayiti

Anpil reyaksyon depaman soti nan peyi Dayiti sou pozisyon Oganizasyon Eta Ameriken an (OEA) ak tout egzekitif la sou desizyon pou mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a kanpe sou piblikasyon rezilta definitif eleksyon 28 novanm 2010 yo.

Anpil sektè kontinye ap reklame anilasyon eleksyon sa yo pandan gen yon gwo dout k ap plane sou 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo ki fikse pou 16 janvye 2011 daprè kalandriye KEP a. Kandida ki nan tèt kous la aprè rezilate preliminè a, Madam Mirlande Manigat, pa ekate yon solisyon politik pou rezoud kriz elektoral la.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior gen repòtaj sa a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj jounen 20 desanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG