Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Resevwa Lòd pou Li Fè Menm Travay ak Lapolis sou Fwontyè Etazini-Meksik la


Manm fòzame ameriken k ap enstale fildefè olon Flèv Rio Grande tou prè Pon Juarez-Lincoln nan sou fwontyè amerikano-meksiken an, nan dat 16 novanm 2018 la, nan viil Laredo, o Tegzas. (Foto Achiv).
Gouvènman Prezidan Donald Trump la bay otorizasyon pou manm Fòzame Lèzetazini ki baze sou fwontyè amerikano-meksiken an, patisipe nan aktivite ki revni lapolis de dwa e, si sa nesesè, pou yo itilize lafòs pandan y ap fè travay sa a.
Pandan Minis Defans la, Jim Mattis, t ap pale avèk laprès nan jounen mèkredi 21 novanm 2018 la, li konfime nouvèl ki di li resevwa yon lòd ki pote siyati Chèf Pèsonèl La Mezon Blanch la, John Kelly (e non pa siyati Prezidan Donald Trump), ki redui restriksyon ki limite aksyon manm lame a nan domèn aplikasyon lalwa avèk lòd.
Misye Mattis di lòd la pa ale twò lwen pase sa e li ensiste sou le fèt ke manm polis militè a pral pote boukliye avèk baton; epi, dayè, daprè li, sòlda ki estasyone sou fwontyè a pa menm gen zam sou yo.
Minis Mattis fè konnen, an tan ke chèf Pentagòn nan, se li ki genyen dènye mo a pou sa ki gen rapò avèk posiblite pou manm lame a itilize lafòs sou fwontyè a.
Jiskaprezan Prezidan Trump voye 5 mil 800 sòlda an sèvis aktif al pran pozisyon sou fwontyè a, met sou 2 mil 100 manm Gad Nasyonal la. Minis Mattis di laprès tou kèk nan sòlda sa yo byen kapab jwenn pèmisyon pou yo ale pase fèt fen dane yo avèk fanmi yo.
XS
SM
MD
LG