Snap Inc. konpayi ki jere rezo sosyal Snapchat la fò konnen Mòkredi li pral redwi anplwaye li de 20% nan moman lap reoganize konpayi a epi redwi depans li. Konpayi a di li pa antre otan lajan ak anons piblisite.
Nan yon let li voye bay anplwaye yo, DG Evan Spiegel di lavant yo fe pa ann ako ak pwojeksyon konpayi a e se poutet sa yo oblije fe rediksyon.
Konpayi a rapote benefis yon sel fwa depi aksyon li yo te komanse vann sou mache piblik la an 2017.
Vale aksyon Snap yo te ogmante 10% Mekredi - swa $11 dola, apre anons la. Ane pase a, yo tap vann pou $83 dola.