Accessibility links

Breaking News

Sitwayen nan Afganistan Kontinye Manifeste Apre Sòlda Kowalisyon an Boule Plizyè liv Koran


Sitwayen nan Afganistan Kontinye Manifeste Apre Sòlda Kowalisyon an Boule Plizyè liv Koran
Sitwayen nan Afganistan Kontinye Manifeste Apre Sòlda Kowalisyon an Boule Plizyè liv Koran

Responsab Afgan fè konnen omwen 7 moun mouri nan afwontman ki eklate ant fòs sekirite afgan ak manifestan k ap pwoteste pou yon dezyèm jounen kont militè kowalisyon an ki mete dife nan plizyè liv Koran nan yon baz Lotan.

Responsab afgan yo di tou plizyè douzèn lòt moun blese nan manifestasyon ki dewoule nan kapital la, Kaboul, nan pwovens Parwan ak nan vil Jalalabad, ki nan pati lès Afganistan.

Kèk jounalis Lavwad-Lamerik , ki sou teren an, fè konnen yo wè fòs sekirite ak inifòm anti-emeut ki antre nan lese-frape ak manifestan ki t ap kalon-nen yo ak kout wòch epi k ap mete dife nan lari.

La polis itilize kanon dlo pou kontwole foul manifestan yo.

XS
SM
MD
LG