Accessibility links

Breaking News

Pwotestasyon Kont Kowalisyon Entènasyonal la nan Afganistan


Pwotestasyon Kont Kowalisyon Entènasyonal la nan Afganistan
Pwotestasyon Kont Kowalisyon Entènasyonal la nan Afganistan

Yon foul ki gen omwen 2000 manifestan move kou kong reyini Jodi madi a devan prensipal baz ameriken ki nan Afganistan an, aprè nouvèl te fè konnen sòlda etranje ki andedan baz la te jete kèk kopi Koran an, liv sen muzilman yo.

Gen manifestan ki chante slogan anti-ameriken ; kèk lòt voye wòch, tandiske kèk lòt limen yon seri ti boukan dife devan baz la, ki nan rejyon Bagram, o nò Kaboul, kote sòlda yo reponn avek boulèt an kawoutchou.

Kòmandan kowalisyon entènasyonal la, Jeneral ameriken John Allen, prezante eskiz li tousuit epi li pase lòd pou yo mennen yon ankèt sou nouvel ki fè konnen manm kowalisyon an ta voye jete nan move kondisyon yon kantite lib relijye islamik --pami yo Koran an.

Jeneral Allen deklare:

“Mwen ban nou garanti; mwen pwomèt nou sa: Sa ki rive a se pat yon bagay planifye, se pa yon fèt eksprè ditou. Mwen prezante ekskiz sensè mwen pou nenpòt ki mank-dega sa kapab reprezante, ekskiz pou Prezidan Afganistan an, ekskiz pou gouvènman Repiblik Islamik Afganistan an, e --sa ki pi enpòtan toujou-- ekskiz pou pèp afgan an.”

XS
SM
MD
LG