Peyi d’Ayiti ap viv yon suspens san parèy kote Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) gen pou pwoklame lendi 4 avril kap vini la a rezIlta preliminè eleksyon prezidansyèl e lejislativ 20 mas yo.
Pandansetan, komisyon Enterimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) ap pare pou l fè yon bilan sou sa li reyalize ak plan li genyen pou rès manda l la yon lane apre rankont bayè de fon entènasyonal la te dewoule nan vil New York nan dat 31 mas 2010 kote Ayiti te resevwa pwomès pou plizyè milyad dola.
Jacquelin Bélizaire abòde 2 pwen sa yo ak korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jacquelin Bélizaire ak Clarens Renois.