Accessibility links

Breaking News

Afrik: Nan Sierra Leone Plis Pase 300 Moun Mouri nan Inondasyon


Moun kap kade dega lapli ak gwo inondasyon koze nan mòn ki nan zòn site Regent la nan Sierra Leone. 14 out 2017. Foto: REUTERS/Ernest Henry.
Moun kap kade dega lapli ak gwo inondasyon koze nan mòn ki nan zòn site Regent la nan Sierra Leone. 14 out 2017. Foto: REUTERS/Ernest Henry.

Responsab gouvènmantal yo nan Sierra Leone di omwen 300 moun pèdi lavi yo e bilan an byen kapab ogmante apre yon gwo lapli te debouche sou yon glisman teren fatal nan peyi a.

Sekouris yo kontinye ap chache kadav viktim ki te peri nan deboulonnay tè ki rive nan komansman semen nan. Youn nan rezidan Kapital la Freetown, an palan de Mariama Julie Koroma di:

" Rezon ki lakoz inondasyon an , se gwosè twouego yo. Non sèlman yo twò piti men moun lage fatra ladan yo e se sak debouche sou inondasyon an. Se yon bagay kap fèt konsa depi lontan, e gen yon pakèt dlo ki anvayi lakay nou. Nou kriye san rete, men jiskaprezan yo poko pote okenn solisyon pou pwoblèm nan.”

XS
SM
MD
LG