Siri kritike seriezman sekretè deta Etazini an, Hillary Clinton, aprè li te fin di prezidan siryen an, Bashar al-Assad pèdi lejitimite li.
Ajans nouvèl leta siryen an, Sana, fè konnen gouvènman an denonse ak tout fòs li komantè chèf diplomasi amerikèn nan.
Ajans nouvèl la rapòte pawòl yon otorite ki konsidere deklarasyon sa yo kòm plis prév klè ki montre entèferans Etazini nan zafè entèn peyi Siri.