Komunote entènasyonal la kontinye ap fè gwo presyon sou Siri akoz nouvèl ki fè konnen militè ap itilize plis tank pou mete fen nan manifestasyon anti-gouvènmantal yo.
Responsab nan Lafrans di 5 peyi manm inyon ewopeyèn konvoke anbasadè siryen ki akredite lakay yon an kad efòkap fèt pou fè Damas mete fen nan operasyon sere boulon li lanse sou pwotestatè yo.
Ajans nouvèl Reuters raporte ke responsab inyon ewopeyèn yo byen kapab fè diskisyon vandredi k ap vinn la a sou posiblite pou enpoze sanksyon kont Damas.
Gen plis pase 400 moun ki mouri depi lè pwotestasyon pwo-demokrasi yo te deklanche nan Siri mwa pase a.