Nan Siri, gouvènman an lanse apèl bay refijye ki te kouri ale nan peyi vwazen Tiki pou yo te sove anba yon operasyon sere-boulon lame a te mete sou pye pou elimine manifestan anti-gouvènmantal nan vil Jisr- al Shougour, eben, gouvènman an mande moun sa yo retounen nan peyi yo.
Ajans nouvèl ofisyèl Siri a, Sana, fè konnen kalm ak sekirite retounen nan vil la e nan rejyon ki o zalantou li yo.
Daprè ajans la toujou, otorite yo pral mete a la dispozisyon refijye k ap retounen yo tout sa yo bezwen –san bliye swen medikal ak manje.