Accessibility links

Breaking News

Siri: Gouvènman an Bloke Deplasman Yon Misyon Imanitè L'ONU


Siri: Gouvènman an Bloke Deplasman Yon Misyon Imanitè L'ONU
Siri: Gouvènman an Bloke Deplasman Yon Misyon Imanitè L'ONU

Nan Siri, gouvènman an refize kite yon misyon imanitè Nasyonzini antre nan vil Daraa, nan pati sid peyi a.

Se nan vil sa a gouvènman an te lanse prensipal operasyon sere-boulon kont militan ki te òganize pwotestasyon anti-gouvènmantal ki te kòmanse nan mwa mas pase a.

Chèf ajans l’ONU ki regle afè imanitè a, Valérie Amos –ki tap pale de kesyon an lendi 9 me a-- fè konnen gouvènman siryen an bay garanti misyon an ap jwenn pèmisyon pou l ale nan vil la pi ta nan semèn nan.

Daprè yon pòt-pawòl l’ONU, Farhan Haq, semèn pase a prezidan siryen an, Bashar al-Assad, te genyen yon konvèsasyon telefonik ak sekretè-jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon -konvèsasyon kote li te montre li gen volonte pou l kite yon misyon òganizasyon mondyal la ale nan Daraa.

XS
SM
MD
LG