Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Anonse yon Reyaksyon Solid aprè yon Atak "ak Zam Chimik" nan Siri

Rezilta batay ant manm Fòs Demokratik Siryen yo ak militan Gwoup Eta Islamik nan vil Raqqa, nan Siri. (Foto Achiv: REUTERS/Zohra Bensemra).
Rezilta batay ant manm Fòs Demokratik Siryen yo ak militan Gwoup Eta Islamik nan vil Raqqa, nan Siri. (Foto Achiv: REUTERS/Zohra Bensemra).

Prezidan Donald Trump kondane, nan kòmansman jounen lendi 9 avril 2018 la, yon atak ki swadizan fèt ak pwodui chimik nan peyi Siri -atak ki, daprè li, se yon zak meprizab. Lidè ameriken an ajoute "nan 24 a 48 tè" li pral pran kèk gwo desizyon enpòtan sou fason Lèzetazini ta dwe reponn.

Nan yon konsèy dè minis (kidonk, yon reyinyon kabinè ministeryèl) ki dewoule nan La Mezon Blanch, nan Washington, Prezidan Trump di pwòch kolaboratè li yo "Lèzetazini ta dwe chache konnen kiyès ki responsab, kit se Siri, kit se Larisi, Iran oubyen tou lè 3 ansanm. Nap travay yon fason dyanm e serye pou n konnen sa."

Prezidan Trump ki t ap pale nan yon konsèy dè minis nan La Mezon Blanch nan Washington, DC, lendi 9 avril 2018. Prezidan Trump di "nou pral pran kèk desizyon solid e serye" nan youn ou 2 jou kòm reyaksyon pou atak chimik la nan Siri.

Pi bonè nan jounen lendi a, Minis Defans ameriken an, Jim Mattis, di Lèzetazini pa ekate posiblite pou l pran aksyon militè kont Siri aprè Prezidan Trump te deklare samdi, sou kont Twitter li, "zòt pral peye yon gwo pri" pou sa li konsidere kòm "yon atak chimik avèg e vyolan."

Bò kote pa l, Minis Defans la ki t ap resevwa nan Pentagòn nan Sheik peyi Katar la, Tamin bin Hamad al-Thani), fè deklarasyon sa a:

"Premye bagay pou nou konsidere se kesyon pou mande poukisa zòt kontinye sèvi ak zam chimik toujou alòske Larizi se youn nan premye peyi ki te garanti apliksayon yon akò-kad ki mande eliminasyon tout zam chimik?"

Yon ti bebe kap kriye pandan you volontè ap metwaye figi li aprè atak ki swadizan fèt avèk zam chimik nan vil Douma (Foto: Helmets/Reuters/8 avril 2018)..
Yon ti bebe kap kriye pandan you volontè ap metwaye figi li aprè atak ki swadizan fèt avèk zam chimik nan vil Douma (Foto: Helmets/Reuters/8 avril 2018)..

Pandan Minis Mattis tap reponn kesyon yon jounalis, li fè konnen tou:

"Lèzetazini ap travay ak alye nou yo, depi peyi-manm l’OTAN yo rive nan Katar an pasan pa lòt peyi; n ap travay ansanm pou n fè fas ak pwoblèm nan.”

Anfen, byen ta nan jounen dimanch la 8 avril la, daprè enfòmasyon La Mezon Blanch bay laprès, Prezidan Donald Trump ak kòlèg fransè li, Emmanuel Macron, kondane ak tout fòs yo itilizasyon zam chimik nan Siri e yo antann yo pou di “gouvènman Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, dwe sibi konsekans la pou yon reyalite kote li kontinye komèt vyolasyon dwamoun nan peyi li.”

Nan yon nòt pou laprès La Mezon Blanch pibliye sou yon kout telefòn ant 2 prezidan yo, li fè konnen "Prezidan Trump ak Misye Macron mete yo dakò pou yo fè boukantay enfòmasyon sou kesyon pou konnen egzatteman ki zam ki te sèvi nan atak la e pou yo kowòdone efò yo pou yo bay yon repons solid pou atak sa a."

XS
SM
MD
LG