La Risi ak Katar ap òganize koup dimond 2018 ak 2022 a dapre anons FIFA fè jedi 2 desanm nan nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Zurik, Swis.
Se yon gwo sipriz pou anpil obsèvatè ki te kwè Angletè te gen anpil chans pou l te akeyi konpetisyon an an 2018 epi Etazini an 2022.
Ris yo ranpòte mayòl la devan Angletè kandidati an tandè m Espay/Pòtigal epi la Holand/ Beljik.
Lòt sipriz nan anons la se Katar k ap akeyi koup dimond 2022 a devan Etazini, Ostrali, Japon ak Kore di Sid. Se premye fwa yon koup dimond nan Mwayen Oryan an.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande yon entèvyou Jean Robert Philippe ak Doktè Yves Jean Bart prezidan federasyon foutbol Ayiti a.